La vie

Cheri mwen renmen ou
malgre tout doulè
ou genyen, ou toujou pran bon sans ou
banm anpil chalè

byen ke yo toujou di
wòch nan dlo pa konnen
ki mizè ak maladi
lòt yo ki nan solè ap koronnen

cheri, menm ke m pa ekziste
ankò, èske ou pa gen yon tan
pou ou vin bon avèk tout onètete?
epi tou ak tout kè kontan

nou toujou di ke lavi a se yon fòmil
matematik ki dwe byen devlope
e tou byen metrize pou n ka bon anpil
konsa tout moun ap ka patisipe

konsa tout moun ki ap viv sou tè a
kit yo te rich kit yo te malere
yo dwe toujou pataje ak lòt yo sou tè sa a
lè sa a tout moun ap vin rich e byen onore

Selon René Orinord

Posté par Orinord le Mer, 28/06/2006 - 8:34am. categories [ Général ] version imprimable | Vous devez vous connecter ou vous enregistrer pour écrire des commentaires